SOSYETE | Bwi yon pwoblèm grav nan peyi Dayiti
Nan machin piblik yo menm, depi w ta vle fè yo wè yon rezon, yo di w se demokrasi. Anpil ladan yo pa konprann sa ki emokrasi a e ki sans li genyen. Yo konfonn li ak fè dezòd jan yo vle. Gen yon seri kote nan Pòtoprens lè w moute yon bis, zorèy ou prèt pou eklate ak bwi, son baf yo reponn ou anba kè w . Ou pa fouti di bese l, chòfe a ap di w mete pye w atè, pran machin prive w. Gen lòt pasaje ki menm konn nan pale anpil ak lòt pasajè parèy yo pou sa. Nou ka pran bis ki fè Kafou Fèy, machin Jeral ki pral Karade yo chanpyon nan nan fè bwi.
Lire la suite