Mal kamyon : eske se yon senp malèz oubyen yon maladi ?

Partager cet article:

Mal kamyon se sansasyon anvi vomi yon moun genyen lè li monte machin, bato oubyen avyon. Mal kamyon touche tout kategori moun, men moun ki plis touche se fanm ansent yo, timoun yo vini an dezyèm pozisyon epi aprè kèk granmoun.

An Ayiti, moun ki plis konn gen sansasyon sila, se moun kap fè vwayaj long yo. Géraldine ki se moun Chadonyè, yon komin nan depatman Sid lan men ki ap viv nan kapital la fè konnen

se toujou yon pwoblèm pou mwen, lè m ap vwayaje koz mwen toujou gen yon sachè nwa nan menm si mwen pata jwenn plas bò fenèt la. Mwen gen pou m fè tout vwayaj la mwen pa byen, se lè mwen mete pye m atè, mwen gen yon ti souf”

Tankou Géraldine, genyen anpil moun kap soufri ak malèz sila men ki pa konnen kisa ki pwovoke l. Moun ki gen mal kamyon ap gen yon sansasyon dezagreyab lè machin lan oswa bato a derape. Si moun lan te manje avan li monte machin lan, lap santi manje a vle monte nan gòj li. Okòmansman, l ap santi li pa byen, kèk minit aprè, l ap gen mal tèt oswa vètij. E se sa ki pral debouche sou vomisman.

Carlo, yon nèg Wanament, rapote nou depi li piti, e jiskaprezan li konsa, anplis li rann kont se anviwonnman pafwa ki pwovoke l

lè m chita nan machin Wanament yo, tout pòt femen, mwen santi gon chalè kap monte e si gen moun kap fimen nan machin lan, se chak inèdtan m ap bay tout sa ki nan trip mwen “

Rachelle ap travay nan yon òganisazyon, kat fwa nan mwa li gen pou l fè yon vwayaj ant Jeremi ak Pòtoprens. Li fè konnen li pa konn vomi men l ap gen yon malèz pandan tout vwayaj la.

Apa chalè e fimen an, gen yon lòt moun bagay byen espesyal ki pwovoke mal kamyon an. Sansasyon sila devlope lè pati zorèy entèn ki ta dwe kenbe yon ekilib nan sèvo a ap plede fè mouvman, li manifeste tou lè sèvo a resevwa yon enfomasyon ki kontradiktwa ak sa je yon moun ap ba li. Sa vle di, pandan kò moun lan ki nan machin lan pa bouje, men je a transmèt yon lòt mesaj.

Mal kamyon pa yon maladi jan tout moun panse a. Dayè, pa gen yon tretman espesifik pou li, men an Ayiti, granmoun lontan yo itilize yon remèd tradisyonèl chak fwa yo pral monte machin. Anplis gen plizyè metòd moun ki soufri mal kamyon yo, itilize pou yo ka soulaje yo lè yap monte bis oswa machin. Sepandan, lamedsin mete disponib kèk medikaman kote moun lan ap ka pran chak fwa li pral monte machin.

“Lè m te piti, manman m te konn fè mwen niche kawotchou kamyon an pou m pa vomi, san ezite, mwen te konn fèl men kounya mwen vinn gran, mwen pa wè mwen menm ki pral bese niche kawotchou a, mwen jis chita bò fenèt la.” Fè konnen Carlo.

Géraldine di li pa ale kay doktè pou sa, li chwazi metòd ki byen senp e tout moun konnen

Puiske mwen konnen se konsa mwen ye, mwen pa manje gwo manje epi mwen chita bò fenèt la, konsa van kap soti deyo ap bat nan figi m, san m pa bliye ti sachè nwa mwen, mwen te konn tande niche kawotchou a men mwen pat janm konn fèl”

Sepandan, Léandre, yon jèn sikolog, prefere chwazi metòd lamedsin bay la paske gen kèk konprime ki disponib pou moun ki soufri mal kamyon tankou Dramamin oswa Dramanol.

Tout kote mwen prale, mwen mache ak konprime yo koz menm kamyonèt oubyen bis Delma mwen monte, mwen gen malèz. Dèfwa, lè m santi mwen paka sipote ankò, mwen konn pran rès wout la a pye. “

Daprè kèk espesyalis an Ayiti, responsab sante yo rekonèt sansasyon sila a men menm jan ak responsab sante nan lòt peyi, ki mete kèk bagay disponib pou moun yo, responsab pa nou bò isi pa vreman preyokipe l. Prizanchaj moun yo pran se sitou prevantif. Pa gen moun ki konn genyen l ki adrese l kòm yon pwoblèm ki merite avi doktè.

Saphira ORCEL

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :