SANTE | Kisa souvan nou rele doulè nan zo?

Partager cet article:

Anpil fwa, nou toujou tande mou ap pale de gwo doulè nan zo, men se pa tout se yon senp doulè an nan zo vrèman. Gen yon fòm doulè ki chita kò l nan atikilasyon yo, ki se jwenti kote de zo rankontre, ki se maladi ki rele atwoz la.

Atwoz se youn nan maladi atikilasyon  ki plis layite nan mond lan. Lè yon moun gen maladi sa, li santi anpil doulè,  li konn  wè tou yon kote ki anfle nan atikilasyon li yo oubyen li wè zo li yo defòme.  Genyen de nivo dapre lasyans atwoz; Yon atwoz primè ak youn  segondè.

Kisa moun nan ka santi lè li  gen Atwoz ?

Chak jefò  depase ou   fè, li ogmante doulè nan atikilasyon yo. Epi, aprè  ou fin repoze, doulè yo disparèt pou kont yo. Ou kapab santi yo nan maten lè w ap leve nan kabann ou. Lè sa a, yo pale  de doulè dewouyaj.  Lè li parèt pita nan jounen an, yo rele li doulè fatig. Lè ou gen atwoz, li redui sou kapasite fizik ou  pou fè mouvman. Li kapab tout kote nan kò ou.  Ou jwenn li pi sou an nan mitan  rèl do, nan  jenou, nan chevi pye, nan men ak nan senti. Ou kapab wè tou genyen nan atikilasyon yo ki anfle oubyen defòme.

Kisa ki ka lakoz yon moun fè Atwoz ?

Gen plizyè eleman ki ka lakoz yon moun fè maladi sila a.  Premyeman, li kapab yon pwoblèm ereditè, sa vle di ki soti nan paran malad la, ki vle di eritaj pèranfis. Li kapab tou soti nan fason ou renmen  chita, akwoupi nan kad travay ou oubyen pou w mennen w aktivite ki pran tan. Egzanp,  yon karelè  kapab devlope maladi sila nan jenou, sa yo rele gonatwoz la, paske li mete jenou li atè anpil.  Yon moun ki pratike espò ki di anpil kapab soufri maladi sila a. Ou kapab soufri Atwoz tou, sitou lè ou obèz, twò gwo, sa vle di, tout sa yo Kaplan youn nan koz maladi sa.

Èske yon moun ki soufri Atwoz kapab pratike espò ?

Menm si yon moun fè atwoz li kapab pratike aktivite fizik, selon rimatològ fransè a Jean Marie Gourdreuse. Men, se pa tout espò moun nan ka fè. Yon moun ki soufri atwoz pakab fè aktivite fizik ki mande anpil jefò. Sa ki fè, aktivite espòtif ki mande gwo  jefò tankou foutbòl, jido…, yon moun ki fè atwoz pa ta dwe pratike yo.  Men, gen espò tankou bekàn,  natasyon ki pa mande twòp gwo jefò, yon moun  ki ap soufri ak atwoz kapab pratike.

Ki tretman ki gen pou li ?

Atwoz se youn pami lòt maladi ki pa ka geri. Toutfwa, gen plizyè fason li kapab soulaje. Pou doulè a, se medikaman antaljik( kont doulè) oubyen  ou pran piki  nan atikilasyon pou doulè a. Anplis,  ou kapab itilize lòt metòd tankou cho oubyen frèt, evite fatige yo twòp. Pou evite sa, li prefarab pou itilize yon bekiy oubyen yon baton. Sèlman 10% moun ki trape maladi sa a fè  yon oprerasyon pou katerori sa yo, se moun ki genyen l nan jenou oubyen nan senti ki opere.

 Kòman yo detekte maladi a?

Se gras ak yon radyografi ou kapab detekte siy ak sentòm maladi a. Après radyografi sila a, medsen an  analize rezilta an imaj. Yo kapab konstate kèk titwou nan zo a.  Yo kapab wè tou zo ki redui konstantre  anba katilaj la. selon sit entènèt public.larumathologie.fr.

Kisa yon moun ta dwe konsome pou evite  ?

Pou evite atikilasyon yo   anfle nan kad maladi atwoz la, gen kèk  aliman moun nan pa dwe konsome. Se pou l evite   manje ki gen anpil grès tankou fwomaj, bè ak po bèt volay. Evite konsome aliman ki gen anpil omega-6 tankou lwil. Evite manje pwodui rafine tankou farin blan, pen blan. Evite bwè bwason ki sikre tankou soda. Li pi bon pou moun nan ta  konsome  bwason  ki fèt ak mango, papay…

Maladi Atwoz touche 3% moun ki gen mwens pase 45 lane, 65% moun ki gen plis pase 65 lane  epi 80 % moun ki gen  plis pase 80 lane. Atwoz se pa yon fatalite. Yon moun ki soufri atwoz pa gen pou l santi l redui nan sosyete a. Menm si   maladi a pa ka geri, men yon moun kapab viv ak  li, depi li swiv doktè, jan sa mande. Se yon medsen  espesyalis ki rele rimatològ   ki okipe l de maladi sa.

Wilder SYLVAIN

Wilder SYLVAIN

Wilder SYLVAIN...

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :