SANTE | Kòman nou ka ede yon moun ki soufri malkadi
Nan peyi Dayiti moun toujou kwè anpil maladi pa senp san yo pa janm chache konnen ki koz maladi yo. Sa ki koz, gen anpil moun ki pèdi lavi yo lè yo malad. Olye pou yo ta chache chimen lopital, yo pito diw maladi a pa senp, se bagay mistik. Sa vle di moun nan gen yon demon sou li. Malkadi se youn nan maladi ke anpil moun kwè ki pa yon maladi senp. Sa vle di gen yon bagay kache dèyè l.
Maladi nou rele malkadi a se yon maladi ki la depi nan mwayennaj. Menm nan epòk sa a yo te toujou kwè se yon maladi sinatirèl. Sa vle di yon moun ki ta soufri de yon maladi konsa ta anba malediksyon oubyen li ta posede pa yon movèzespri. Lakay pa nou, nou di moun sa a gen dyab sou li.
Legliz te dakò ke moun ki gen malkadi sa se demon ki sou yo. Konsa yo te konsidere Sen Valanten kòm patwon moun ki soufri malkadi, menm Sen Valenten sa ki se patwon moun anmoure ak anmourèz : moun ki renmen yo, kidonk, moun ki fete lanmou chak 14 fevriye yo. Nan sans sa a nou kapab mande ki rapò ki genyen ant de kategori moun sa yo?
Malgre jan lasyans evolye, an Ayiti moun kontinye toujou wè malkadi tankou yon maladi mistik. Yon maladi ki pa senp. Kwayans lontan ke yo te gen de maladi a nan tèt ayisyen li pa chanje. Sa ki koz malkadi vini yon maladi lawont.
Kisa maladi sa a ye?
Anpil moun pa konnen yon seri de enfòmasyon sou kò yo. Ebyen kò a toujou gen kouran ladan l. Sèvo yon moun se tankou yon santral elektrik li ye. Tout tan yon moun ap viv, chak selil nan sèvo moun sa a pwodwi kouran elektrik ki pèmèt li viv nòmalman. Kouran sa fèb anpil. Sa konn rive pafwa gen kèk selil ki pa fonksyone jan sa ta dwe ye. Lè sa a konn gen plis kouran nan yon pati nan sevò a oubyen nan tout sèvo a. Lè sa rive wap wè moun nan devlope siy tankou: pran kriz, pèdi konesans, plede fè kòlè pou anyen. Menm ak pwòp tèt pa l, bouch li ap fè kim. Pafwa moun sa a ka menm tande vwa moun ki ap rele l, oswa wè bagay ki pa reyèl, sa yo rele alisinasyon nan langaj sikoloji a.
Jounen jodi a, sitou nan peyi ki pi avanse yo , yo rive fè tès pou epileptik yo. Tès sa a rele elektwo ansefalogram, li pèmèt yo rive gade kòman aktivite elektrik la ye nan sèvo moun nan, si li fèb oubyen li anpil.
Ki trètman pou maladi sa?
Jiska prezan medikaman pa geri malkadi. Men lè moun nan sou medikaman li ka anpeche kriz la pran l, sitou si moun nan swiv konsèy doktè . Sa pa vle di li geri pou sa. Medikaman sa ou pa dwe pran l konsa, se doktè ki pou preskri w li.
Kòman ou ka sove yon moun ki soufri maladi sa a ?
Si yon moun epileptik, sa vle di ki soufri malkadi ta pran kriz devan w, pa kenbe l ni mare l, ni tou pa mete anyen nan bouch li. Si l ta pèdi konesans pa mete l kouche sou do, metel sou kan pito.
Lè yon moun gen malkadi, se pa dyab ki sou li. Nou pa dwe bat li sou pretèks n ap chase demon sou li . Sa ka lakoz anpil dega fèt nan vi moun sa. E yon moun pa dwe wont si l soufri maladi sa a paske se yon maladi tankou tout lòt maladi.
Fedia STANISLAS