SANTE | Mòpyon : eske mwen dwe wont pale de sa?

Partager cet article:

Mòpyon se yon ti bèt ki sanble ak yon ti krab, longè li pa depase 2-3 milimèt. Li devlope pi souvan nan plim ki nan pati jenital. Pafwa yo konn jwenn yo nan plim anba zesèl tou.  Puiske se san k ap pèmèt yo rete anvi, depi yo fin kole nan plim nan, yo ponn ze epi yo bwè san moun nan.  Lè mòpyon an fè twòp tan sou moun nan, li bay yon maladi moun ka simaye bay lòt moun, ki rele « Phtiriase »

Valérie* se yon jenn fanm 24 lane, Li fè konnen lè li te fenk gen bèt sa, li te konn grate yon lè konsa.  Plis tan t ap pase,  gratèl la te vin ap ba li demanjezon.

« Mwen te remake mwen t  ap grate men mwen pat vrèman pote atansyon ak sa ki koz m  t ap grate a. Jis yon jou mwen  te remake kèk ti tach san nan kilòt mwen. Mwen te kòmanse di tèt mwen, m gen yon bagay ki pa nòmal.  Apre mwen ta pral dekouvri ti bèt k ap kouri nan plim mwen yo. Se lè sa, mwen vin kwè tout bon, mwen gen mòpyon! »

Se menm jan pou  Henock;

« Mwen te konn ap grate men kòm mwen se gason, mwen pa t vrèman pote atansyon. Se pandan mwen te nan baz ak zanmi m yo epi gen yon ki di m : yow Henock ou genlè gen mòpyon, saw genyen ou grate konsa? Mwen te souri, epi mwen fè bagay la tounen blag. Kèk tan apre, mwen eksplike yon bon zanmi m sa, li mande m si m remake kèk pay blanch nan plim mwen tou anplis gratel la, mwen reponn li wi, li dim ebyen monchè ou gen mòpyon !»

Ki jan Moun fe trape mòpyon ?

Gen plizyè fason moun ka pran mòpyon : tankou  nan fè bagay, nan mete rad am moun patan mòpyon an fasil. Si yon moun gen mòpyon, epi li dòmi toutouni, sil grate, mòpyon an ka rete nan dra a, sa ki koz lòt moun kapab pran ladan l. Men ase sou an se nan fè  bagay moun trape l.  Valerie ki ap soufri ap maladi  sa a, plis kwè se nan fè bagay li pran l. 

Eske mòpyon se konsekans move lijyèn ?

  « Si se pou move lijyèn, mwen patap genyen l paske pati jenital se bagay nan kò m mwen plis pran swen » dapre sa Valerie fè konnen.

Efektivman, mòpyon pa yon konsekans move lijyèn paske nenpòt moun ka pran l anplis depi gen frotman ak yon moun ki genyen l,   moun ka pran l  menm nan benyen  nan pisin daprè manzè.

Eske yon moun dwe wont pou l di li gen mòpyon ?

Pifò moun toujou santi yo wont pou yo di yo gen mòpyon akoz move renome maladi sila a genyen.

« byenke mwen pran mòpyon pou yon maladi menm jan ak tout maladi, men  mwen pa t kite pèsonn konnen, menm mennaj mwen an, mwen pa t vle di l sa. Sitou mwen se fi, mwen te vrèman jennen », toujou selon Valerie.

Henock di nou li te wont anpil. « Menm mennaj mwen, mwen pat ka gade nan je puiske se nan al rankontre ak lòt moun ki fè mwen te genyen l. Erezman zanmi m nan te la, li te di m kisa pou m fè pou m kapab detwi yo. Se plis pou fawouch, si yon moun gen mòpyon, li pa pale men sa li pa konnen, maladi pa konn kache. Si yon moun kache sa, li p ap vrèman konnen kisa pou l fe pou l retire yo sou li.»

Eske gen yon tretman espesyal pou mopyon ?

Dapre doktè Adler Bonange, ki se yon jinekològ, menm jan yon moun pran mòpyon byen fasil, li fasil tou pou li trete. Li bay plizye fason pou trete : amelyore lijyèn pèsonèl ; lave rad yo ak yon tanperati ki wo. Epi, doktè a konseye moun ki genyen l, pou itilize ensektisid tankou ensektisid twopik ak ensektisid oral. Men se pa tout moun ki konn trètman sa yo.

Valerie ak Henock fè konnen yo te jis koupe plim yo. Mòpyon rete yonn pami enfeksyon moun ka pran nan fè bagay. Kidonk, yon bon pratik nan zafè fè bagay ak yon bon lijyèn kapab anpeche nou trape enfeksyon sila. Si tout fwa sa ta rive yon moun gen maladi sa, pa neglije ale wè doktè pou bon jan swen. Si mòpyon rete yon enfeksyon ki bay anpil laperèz lakay anpil moun lè yo pran l, ebyen li fasil anpil pou tretre, daprè jinekològ Adler Bonange.

Saphira ORCEL

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :