SOSYETE | Anpil mizè pou jwenn fè oubyen pran kat dèmalòg la
Dekrè sòti pou mete presyon sou moun pou fè nouvo kat idantite dèmalòg la. Men yo pa pran okenn mezi nan nan sant yo pou nan fason y ap fè sa.
Ayiti tout bagay posib. Koripsyon an tout kote. Pafwa li ka pèmèt nenpòt moun kòwonpi. Nan fen ane 2019 la, otorite isit te pran dezisyon vini ak yon nouvo kat idantite. Sa yo rele kat dèmalòg la. Depi premye fwa yo te anonse dezisyon sa a te gen pale anpil kòmkwa kat sa a se yon mannigèt pouvwa anplas la pou ka fè fwod elektoral nan eleksyon ki ap vini yo. Premye moun yo te anonse ki te dèyè dosye sa a se te Martine Moise, madan prezidan an.
Nan lane 2020 an gen yon arete ki te soti ki te di nenpòt moun yo jwenn ki ap mache san kat sila a , yo ka arete l , fèl peye amanm. Yon bagay anpil moun pat dakò. Malgre peyi a konfine akòz kowona ki ta p fè ravaj, sa pat anpeche moun te pil sou pil nan liy pou fè kat sila a, paske koze fè kat sila a pa fasil ditou . Pou w fè kat la, ou oblije pèdi yon jounen pou sa a. A la fen ou ka rive pa menm fèl akòz pwoblèm enèji. Ou gen dwa ale, yo fè w pèdi tout tan w nan yon li y, aprè ou tande gaz vini nan jeneratis la. E pou jwenn gaz pou fè jeneratris sa a pati ankò, sa pran anpil tan.
Si nou ap pale de koripsyon ki gen nan fè kat sila a, ebyen biwo oni ki sou wout frè a chanpyon nan sa. Yo fè yon liy sou pretèks pou moutre gen liy. Men yon moun ki gen pran liy sila kapab pase tout jounen an anba solèy cho san li pa janm pase. Liy sa a pa janm mache ou sèlman gade ou wè moun ki pat janm nan liy lan ap pase rantre anndan al fè kat. Moun sa yo ki te kite lakay yo pran liy lan menm pa ka jwenn sèvis. Sekirite yo ap gade san yo pa di yon mo. Kòmsi se pou lafòm yo mete yo la .
Nan sans sa a gen yon seri de moun, sa nou ta rele raketè a ki ap pran lajan nan men moun pou yo fè yo rantre. Yo ka pran pran 100, 125, 150 goud. Depi nan rantre biwo a, yo tou kanpe devan pou y ap mande w si ou pa vle pase vit. Si w pa dakò peye, yo menm ankò, yo tou di w w ap pase jounen an la. Men si ou asepte pou w peye, yo pran w, yo ale avèk ou mete w andan biwo a. Gen kèk moun ki konn nan liy lan ki konn pale anpil pou sa. Lè sa a moun ki ap pran lajan nan menmw pou fè w rantre a di moun sa yo se yo ki jere yo byen, se pou sa se yo ki gen dwa pou yo rantre.
Nou pa konnen ki lyen ki genyen ant responsab biwo a ak moun sa yo. Men pèsòn pa janm di anyen. Byen ke gen sekirite moun sa yo pase sekirite yo lòd jan yo vle. Se tankou se yo kap deside. Si w ta leve vwa v pale ak yo pou denonse sa yap fè a, yo ka menm di w ou pap rantre nan biwo a pou fè oubyen pran kat. Depi yo fi n di w sa la p difisil pou w rantre vre.
Fedia STANISLAS