SOSYETE | Kondisyon travayè ayisyen nan magazen chinwa nan Sendomeng
Depi kèk tan, move lavi fè anpil jèn gason ak anpil jenn fi ap kouri kite peyi a pou ale chache lavi miyò toupatatou nan lòt peyi. Chak jou yon moun ak paspò oubyen san paspò travèse fwontyè ale nan peyi Sendomeng. Jenn sa yo souvan fè fas ak anpil difikte tankou imigrasyon ak lòt ankò.
Nan Sendomeng li fasil pou yon aysiyen jwenn travay. Kit li te gen yon paspò ki gen yon viza sou li. Oubyen li pa ni youn ni lòt. Ayisyen yo se nan tienda yo travay plis, sa ke nou rele magazen ba bò isit. E magazen sa yo nou jwenn yo sitou Duarte, zòn nou te di anba lavil pou isit. E pifò magazen sa yo se pou chinwa yo ye.
Sou 10 amplwaye ki gen nan yon magazen, w ap jwenn 9 ladan yo se aysiyen oubyen tout se ayisyen. Domikiken pa travay nan magazen sa yo fasil paske lè chinwa sa a yo ta vyole dwa dominiken yo, yo ka pote plent pou yo bò kote leta dominiken. Sa ki fè yo konn pran sanksyon kont chinwa sa a yo e fè yo peye. Ebyen, yo pito bay aysiyen travay, konsa yo kapab fè yo sa yo vle.
Kobyen kòb yo peye yon ayisyen ka p travay nan tienda ?
Tout ayisyen k ap travay nan magazen pa touche menm kantite lajan. Lè ou anplwaye, ou touche plis pase lè se sou kontra w ap travay. Men li pa fasil pou w jwenn yo anplawye yon ayisyen. Yo plis fè kontra ansann ak yo. Pou pi piti yon travayè ayisyen touche 3500 peso pa kenzèn. Li ka 4000, 4500 rive jiska 5000 peso chak kenzèn. Pafwa ou ka jwenn li gen yon ti bagay amplis sou 5000 peso a, men li difisil. Yon salè ki pa gwo men aysiyen yo rive viv ak li paske an Ayiti yo konn pa jwenn li ditou « Travay mwen nan Sendomeng se yon esperyans mwen pap janm bliye. Men m si ti kòb la pa gwo, mwen rive viv ak li. Nan touche chak kenzèn 5000 peso, ladan l mwen peye kay, mwen ede fanmi m ki ap viv Ayiti. Ayiti bagay yo pi difisil. Pou nenpòt ti travay yo souvan mande w kouche. Men sendomeng li pa konsa. Ou kite yon magazen jodi a demen ou rejwenn lòt » se temwanyaj yon jenn fanm kap travay nan magazen chinwa.
Travay nan magazen yon travay esklav
Depi ou ap travay nan magazen chinwa, ou vini yon esklav. Yo pran tout tan w nèt. Ou tankou paka fè anyen pèsonèl pou tèt ou. Ou travay tankou bourik. Ou travay chak jou depi 7 tè nan maten pou rive 4 oubyen 5 è nan aprè midi. Gen travay ki fini jiska 6 zè menm. Sèlman jou dimanch ou gen chans fini travay a 2 oubyen 3 zè.
« Mwen renmen etidye . Mwen vle etidye. Men koz travay la m paka fè okenn etid. Nan sans sa a chinwa yo profite de aysiyen yo paske yo konnen yo pa gen okenn kote pou pote plent. Ayiti mwen te etidye syans enfimyè. Plizyè ane aprè m fini ak etid la mwen pa janm rive jwenn travay. Sa ki koz m te oblije al fè esperyans lan Sendomeng. E premye travay mwen se nan magazen m te fè l » pawòl yon yon jenn fi ki t ap travay nan magazen.
Tès gwosès, yon egzijans tout magazen chinwa fè.
Avan ou komanse nan nenpòt magazen chinwa yo voye w al fè tès gwosès. Lwa peyi a pa dakò yo revoke pyès moun ansent nan travay. Si sa ta rive yo dwe dedomaje moun nan. Lajan dedomajman an se yon gwo sòm. Konsa olye pou nan problème ak lalwa yo prefere egzije moun yo yon tès gwosès. Malgre medam yo konn bay tès ki moutre ke yo pa ansent , chinwa prete yon atansyon ak yo pou wè si yo pa bay siy moun ansent, sitou si moun nan nouvo nan travay la.
Gen plizyè jèn fi ki pèdi travay yo akòz sa. « Lè mwen gen règ mwen li fè m malad anpil. Li banm gwo doulè vant fè mal ak vomisman. Jou ki te fè m dezyèm jou nan travay la m te gen règ mwen. Mwen te pase tout jounen an ap vomi. Chinwa yo te kesyone m . M te fè yo konprann se konsa m ye chak mwa. Men kou lè te rive pou m te ale lakay mwen, yo te peye m de jou m te travay yo. Yo te di m pa bezwen vini ankò » se temwanyaj Linda.
Chinwa yo pafwa konn pa respekte limit. Yo konn mande w yon seri de bagay ki gen pou wè ak travay, men pito se vi prive w. Yo menm arive mande kèk medam fè planin. Sandra gen 28 tan sou tèt li, l ap travay nan yon magazen ak chinwa. Nan travay la yo mande l fè planin. Li pa dakò . Li twouve chinwa yo ale twò lwen. Epi tou li pap viv ak gason. Li pa gen menaj. Sa gen yon ti tan li pa menm fè bagay. Li di chinwa yo pase pou l fè planin li pito kite travay la . E chinwa yo pat revokel. Men Sandra deklare gen chinwa ki pi di e pi rigid pase lòt. Li gen chans yo pat revoke l paske li pat vle fè planin nan. Konsa tou gen kote depi w te di non an ki t ap voye w ale.
Fedia STANISLAS
SOSYETE | Anpil mizè pou jwenn fè oubyen pran kat dèmalòg la
Dekrè sòti pou mete près yon sou moun pou fè nouvo kat identité dèmalòg la. Men yo pa pran okenn mezi nan nan sant yo pou nan fason y ap fè sa.
Ayiti tout bagay posib. Koripsyon an tout kote. Pafwa li ka pèmèt nenpòt moun kòwonpi. Nan fen 2019 otorite isit te pran dezisyon vini ak yon nouvo kat identite. Sa yo rele kat dèmalòg. Depi premye fwa yo te anonse dezisyon sa a te gen pale anpil kòmkwa kat saa se yon mannigèt pouvwa anplas la pou ka fè fwod elektoral nan eleksyon ki ap vini yo. Premye moun yo te anonse ki te dèyè dosye sa a se te Martine Moise, madan prezidan an.
Nan lane 2020 an gen yon arete ki te soti ki te di nenpòt yo jwenn ki ap mache san kat sila a , yo ka arete l , fèl peye amanm. Yon bagay anpil moun pat dakò. Malgre peyi a konfine koz kowonavirus ki ta p fè ravaj sa pat anpeche moun te pil sou pil nan liy pou fè kat sila a.Koze fè kat sila a , li pa fasil ditou . Ditou. Pou w fè ou oblije pèdi yon jounen pou sa a. A la fen ou ka rive pa menm fèl koz pwoblèm enèji. Ou gen dwa ale , yo fè w pèdi tout tan w nan yon li y, aprè ou tande gaz vini nan delko. E pou jwenn gaz pou fè delko saa pati ankò sa pran anpil tan.
Si nou ap pale koripsyon ki gen nan fè kat sila a, ebyen biwo oni ki sou wout frè a chanpyon an sa. Yo fè yon liy sou pretèks pou moutre gen liy. Men yon moun ki gen pran liy sila kapab pase tout jounen an nan liy sa a anba solèy cho san li pa janm pase. Liy sa a pa janm mache ou sèlman gade ou wè moun ki pat janm nan liy la a ap vini pase rantre andan al fè kat. Moun sa yo ki te kite lakay yo pran liy lan menm pa ka jwenn sèvis. Sekirite ap gade san di yon mo. Kòmsi se pou lafòm yo mete yo la .
Nan sans sa a gen yon seri de moun, sa nou ta rele raketè a ki ap pran lajan nan men moun pou yo fè w rantre. Yo ka pran pran 100, 125, 150 gds. Depi nan rantre biwo a, yo tou kanpe devan pou y ap mande w si ou pa pase vit. Si w pa dakò peye , menm uo menm, yo tou di w w ap pase jounen an la. Men si ou asepte pou w peye a, yo pran , yo ale avèk ou mete w andan biwo . Gen kèk moun ki konn nan liy lan ki konn pale anpil pou sa. Lè saa moun ki ap pran lajan nan menmw pou fè w rantre di moun sa yo se yo ki jere bien sa yo. Sa yo vle a se yo se li k ap pase.
Nou pa konnen ki lyen ki genyen ant Responsab biwo a ak moun sa yo. Men pèsòn pa janm di anyen. Byen ke gen sekirite moun sa yo pase sekirite yo lòd jan yo vle. Se tankou se yo ki te sekirite. Se yo ki Responsab sant lan. Si w ta leve vwa v pale ak yo pou denonse sa y ap a yo ka menm di w ou pap rantre fè oubyen pran kat. Depi yo fi n di w sa la p difisil pou w rantre vre.
Fedia STANISLAS