SOSYETE | Pwoblèm ansèyman lang kreyòl an Ayiti

Partager cet article:

Nan lengwistik,lang kreyòl, se yon lang matènèl ki sòti nan melanj lòt lang. Orijin lang sa a sòti nan yon Pidgin ki se yon lang veyikilè ki pa estriktire, ki fòme ak gramè epi vokabilè lang pèp ki an kontak yo. Nouvo kòd sa a pèmèt de oubyen plizyè moun k ap evolye nan yon menm anviwònman kapab rive kominike. Men, lè yon pèp pran lang sa a li fè  l vini lang matènèl li, se lè sa li vin kreyòl.

Nan sans sa a, yon kreyòl se yon lang ki estriktire, sa vle di yon lang ki gen gramè ak vokabilè. Yon lang ki gen pwòp règ li, leksik, òtograf ak prensip li. Poutan an Ayiti, lang kreyòl sa a toujou ap fè fas ak plizyè baryè. Pami yo jan yo anseye l lekòl.

Menmsi l se yon lang ofisyèl kote 11 milyon moun pale l an Ayiti epi 2 milyon nan rès mond lan sitou nan peyi Kanada ak Etazini, se nan lane 1982 ak refòm Bernard  li vin yon lang kote moun kapab aprann li lekòl.

Yon lang ki pa valorize.

«  Je dois toujours m’exprimer en français. Sinon, Je suis le gorille de la classe » se yon fòm pinisyon yon lekòl nan kapital la bay yon elèv 8èm ane fondamantal pou l kopye fraz sa a 100 fwa lakay li.

Si tout fwa refòm  Bernard a ta vle valorize lang kreyol la, men li toujou rete nan lespri kèk moun yon lang ki paka fè lasyans, kap fè moun paka pataje konesans yo.

Anplis, kreyòl la pou kèk moun pa menm yon lang moun ka eksprime yo. Kidonk lang lan timoun nan ap pale lakay li, ak paran l, zanmi l, fè tout aktivite l, elatrye, li pa gendwa itilize l nan lakou lekòl la, dayè direksyon an konn egzije paran yo pou pale fransè ak timoun yo.  

Yon lang ansèyman san materyèl

 Alfabetize an kreyòl pèmèt nan yon sans yon revalorizasyon lang lan pou peyizan yo. Men, san materyèl adapte travay sa toujou pa rive posib. Liv ak kèk materyèl didaktik Akademi Kreyòl Ayisyen (AKA) ta dwe mete disponib nan lang kreyòl pa rive fèt jiskaprezan. Kèk liv kreyòl ki disponib yo vini ak anpil reyaksyon kay kèk lengwis.

Yon lang kote alfabè, òtograf, gramè pa respekte

Toujou nan travay Akademi an, fason pou lang ekri, gramè l ak òtograf li dwe youn nan priyorite l, poutan òtograf  lang lan toujou pa byen ekri. Menm kèk nan pwofesè k ap anseye lang sa a pa rive kapab byen ekri l.

Pwofesè Yves ak Paul Dejean nan liv Ekri Kreyòl fasil  ekri « Tout ayisyen ka pale kreyòl men nou pap ka ekri l si nou pa konn alfabè lang lan epi si n pa respekte prensip òtograf kreyòl la ». Prensip yo se : Chak let ret nan wòl yo ; Chak son ekri menmjan ; Nanpwen lèt ki bèbè, ki initil.

Tout pwofesè lekòl an Ayiti ta dwe poze chak elèv kesyon sa a: Èske ou konprann sa k sot fèt la, èske w ka transmèt li bay yon lòt timoun? E yo ta dwe kontwole repons lan pou yo wè sa li vo. Sa pa kont si timoun nan di : wi l konprann. Se pou pawòl li ak eksplikasyon li bay yo montre li konprann sa li te tande a epi pou l ka aplike l. Jewòm Bwonè (1968:104) eksprime li konsa: “Language is a major instrument of thought” “Lang se yon manman zouti pou panse”. Si n vle yon edikasyon solid kote timoun yo ap ka rive pwodwi byen, nou dwe kòmanse valorize ak renmen ansèyman nan lang matènèl la.

Laisser un commentaire

%d blogueurs aiment cette page :