SOSYETE | Rezon ki fè anpil moun isit ap fè espò
Moun fè espò pou rete an sante. Yon lòt kategori fè l pou retire estrès. Gen lòt menm ki fè l pou ka kenbe kò yo anfòm pou gen bèl dach, gen bèl abdo. Rezon yon anpil.
Li fè 7 tè nan maten sou plas Bwaye nan Petyonvil plizyè gwoup moun deja rasanble. Yo pa vini pou pale de politik, ni tann yon zanmi, yo vini nan lide pou yo fè egzèsis fizik. Kòmkwadire yo vini pou yo fè espò. Genyen kotch ki mete mizik pandan y ap fè espò a, konsa tou genyen ki pa mete l . Men sa se pa yon pwoblèm. Mizik la sèlman kreye plis anbyans e fè tout moun yo santi yo nan po yo, pandan yap kenbe yo tenmpo kap ankouraje egzèsis yo.
Nan tout gwoup sa yo, fanm yo souvan plis pase gason. Tout granmoun vini fè espò pou jere sante yo, men jenn yo vini pou sante ak pou bay kò yo fòm, sa konn rive gen jenn se sèlman fòm y ap chache. Koze sante pa entèrese yo.
Mizoule gen senkant lane sou tèt li. Li gen de timoun, li vini fè espò pou de rezon « Mwen fè espò paske mwen gen yon doulè. E se doktè ki voye m fè l. Depi m pa fè espò, gwo doulè a toujou la, tout kò mwen rèd. Lè m fè espò a mwen pa santi doulè a. Menm lè m pa ta vini sou plas la m toujou fè l lakay. Paske mwen pa vle maladi a pran pye sou mwen. E mwen pa vle fini sou chez woulant »
Dezyèm rezon an se paske li pap travay « Mwen gen dizan depi mwen pap travay. Mwen gen de timoun sou kont mwen pou m okipe. Youn fini ak lekòl klasik li, lòt la nan klas segonn. Sa ki fini a poko ka al nan inivèsite akoz mwen pa gen mwayen pou peye pou li. Ka ki koz mwen réfléchi anpil. Mwen se yon fanm ki pa renmen rete sou kont moun pou y ap ban m tout tan. Lè m wè kondisyon m ap viv la a ki fè mwen vrèman estrese. Men lè mwen al fè espò li ede m jwenn moral mwen. Lè m rankontre lòt moun ki vini fè espò yo nou bay blag, nou pale. Mwen m pa fè espò pou chèlbè. Mwen fè l pou m retire estrès ak pou chase doulè. »
Espò toujou fèt nan yon objektif. Claudine ki se yon jenn fanm trant lane te esplike rezon ki fè l fè espò « Mwen te fè sezayèm, lè m mete pantalon, kouti sezayèm nan konn fè mwen mal. E m santi espò a ede m. Men se pa doktè ki voye m fè espò. Mwen pa gen konpleksite ak kò mwen. Yon moun dwe asepte kò li jan li ye a. Men m ap chache yon bèl fòm paske mwen renmen lè m gwo a . Mwen pa vini pou m kase krès men m vini pou vant mwen toujou rete plat menm lè mwen gwo. Avan m te plat. Depi m ap fè espò a mwen komanse jwenn fò m m ap chache a. Mwen kontan e satisfè. »
Pierre Richard Derisier se yon kotch ki gen vennsenk an depi l ap travay nan egzèsis fizik, li travay ak tout kalite moun. E espò a gen anpil enpòtans.
« Mank fòmasyon fè moun pa bay espò twòp enpòtans. Men aletranje espò gen anpil enpòtans nan lavi moun. Sa a n ap fè la a li rantre nan kad sosyal tou, majorite moun mwen travay ak yo se sitou granmoun ki fè sik, tansyon e ki dyabetik. E moun sa yo se doktè ki voye yo fè espò. Nenpòt jan sa ye fòk nou ede yo jwenn rezilta nan sa doktè yo voye yo fè a. »
Kotch Denisye travay ak jenn fanm tou, jenn fanm sa yo pa fasil vini pou koze sante men yo bezwen travay kò yo pou pou dèyè yo ka sòti. Yon konpòtman kotch la pa apresye. Men li padone yo se yon mank konesans ki fè sa.
Si gen plis fi nan gwoup Denisier a se paske medanm yo pase plis tan nan kay ke gason yo nan kwit manje. E lè yo manje yo pa soti sa ki koz yo gwosi. Gen nan moun sa yo akoz pwa yo pran an mari yo konn ap ba yo problèm. E pou yo pa pèdi nèg la yo vini fè espò.
Espò a pa sèlman pou bay kò bèl fòm oubyen pou santé, pou kotch la li ale pi lwen « Fè espò gen yon aspè sosyiolojik ladan l tou. Sa n ap fè la li rantre nan kad sosyal. Paske espò se sante, e sante se lavi. Nan yon peyi tankou Ayiti ki gen anpil pwoblèm: pwoblèm ekonomi, ensekirite, la fen… lè moun nan fè espò a li ede l chase estrès. E depi yon moun estrese li menm ak lanmò kouche menm kote. Gen de ti jenn gason ki te nan tout move aksyon ki pa dwat. E lè yo vini jwenn mwen m akeyi yo ak bwa ouvri paske objektif la se ede moun. »
Tout ayisyen ta dwe fè espò. E nan espò pa dwe gen diskriminasyon. Lè yon moun fè espò li rajeni l epi mwens maladi rantre sou li. Nou nan yon peyi kote moun yo ap konsome tout vye kalite manje, ak espò a moun sa ap jete grès ki nan kò li yo, daprè kotch Oltrich.
Souvan gen moun ki konn di yo fè espò pou kase poutan se gwo y ap gwo. Olritch ak Derizier bay avis yo sou sa. Pou Olritch gen moun ki fè espò san yo pa konnen sa y ap fè . Yo sèlman wè moun fè l epi yo fè l tou. Gen moun ki ap fè espò epi li manje mal e tout lanwit sa a p fè moun nan gwosi. Se pa espò a ki ap fè moun nan gwosi men se sa moun nan manje a.
Pou Denizier li menm pa gen verite sou espò ki pa kase moun nan. Paske espò a se fè abdo, fè mach e kadyo e se sa ki kase yon moun. E moun ki vini pou kase a fòk li gen volonte. Se menm jan ak yon timoun ki ale lekòl. Si timoun nan pa dispoze pou aprann li pap ka bay rezilta. Nan espò a fòk moun nan dakò kase.
Pou Songe, lè pa gen twòp travay, li toujou pran tan pou pale ak moun li ap travay yo sou koze sa yo dwe manje. Li konseye yo manje fwi ak lòt manje natirèl. Li fè konnen tou avwan nan bon anpil e li ede yo kase pi vit. Li pa sèlman di yo sa pou yo manje men li dekonseye yo manje kèk bagay tankou: espageti lèswa, poul blanch… menm lè yo pap respekte l san pou san li mande yo fè yon efò pou yo pa fè espò nan vid.
Benefis espò sou kò a
Aktivite fizik regilye ka ede diminye risk pou maladi kadyovaskilè ak diminye risk pou tansyon wo. Li amelyore andirans nan òganis ou, ogmante rezistans ou ak fleksibilite ou. Aktivite fizik tou se yon eleman esansyèl prevantif nan kenbe zo fò e konsa anpeche maladi osteyopowoz la. Jwe espò ede anpeche doulè nan do ki ba ak repetition nan sentòm yo. Ranfòsman nan misk ki te koze pandan egzèsis fizik tou benefisye pou rimatism kwonik enflamatwa. Espò a tou ede kenbe fonksyon iminitè a efikas pou pi lontan.
Lè yon moun fè espò se yon prevansyon li fè kont anpil maladi, men lè yon moun pa fè espò li kapab obèz, e obezite a gen chans pou bay maladi kadyovaskilè. Fè espò gen anpil byenfè landanl: sou po, sou seksyalite, sou sèvo oubyen sou mental yon moun. Annou pratike espò pou rete an sante.