TRANSPO | Machin piblik, yon veritab kalvè pou pasaje an Ayiti
Sitiyasyon moun nan transpò piblik nan peyi Dayiti grav anpil. Bagay ki ta dwe fèw kriye. Chofè pa mete okenn estrikti pou pèmèt pasajè vwayaje alèz. Nan machin yo moun se pil sou pil. Tankou se zannimo yo pote. Zanmino? Nan peyi develope kote ki gen moun k ap regle koze peyi menm zanmino pa trete nan fason konsa.
Nan mwa mas lè ke yo te anonse kowona rantre nan peyi Dayiti, gen kèk mezi ki te pran pou pèmèt machin yo pa pote menm kantite moun yo te konn pote avan an. Sa ki te lakoz tout pri machin moute e chofè ki te konn pote mwens moun nan machin yo. Nan mwa oktob la gen yon arete ki te soti kote pri gaz la te desann. Nou konnen byen depi gaz la desann pri machin tou desann. Ebyen pou anpeche chire pit an chofè ak pasajè otorite yo te tou fikse pri machin sou tout teritwa sou peyi a kelkeswa bis ki ap fè provens oubyen lot ki ap travay nan depatman lwès la. Fwa sa a, sa yo te retire a pat gwo. Nou kapab di gen trajè ki te 20 goud yo te sèlman retire yon goud sou li. E pyès chofè pat dakò pran 19 goud nan men pasaje. Yon sitiyasyon ki te kòmanse mete bouch ouvri ant chofè ak pasajè.
Nan mwa septann gouvènman an te anonse dekonfinman. Chofè yo te kòmanse pote moun menm jan ak jan sa te ye avan. Lè w chita nan machin pil moun kanpe nan pwent, moun chita sou moun, moun pandye andan machin. Pasajè te kòmanse pat dakò peye kous la jan yo te konn peye l avan an . Chofè yo te pran yon ti konsyans e nan moman sa a yo te oblije desann kous la, pa paske leta te Leta te mete yon pri men paske yo pote plis moun.
« Zafè desann pri machin sa a, se Leta sa gade. Koze konsa pa pou chofè. Dayè mwen pa bay Leta regle anyen pou mwen. Eskè gen yon leta? Sa a se machin pam, li pa pou Leta. » sa a se diskou majorite chofè genyen.
Kous machin kote moun peye pi chè!
Gen yon seri de chofè se yo ki mete pri machin yo pou kont yo. Nou souvan jwenn chofè sa yo travay nan Petyonvil. Nou kapab site machin ki fè Girado-Petyonvil; Meyot- Petyonvil ; machin wout Frè ki pase Kòlèt. Epi kous machin sa yo chè anpil pa rapò ak distans yo. Yon moun k ap soti Petyonvil ki pral lavil nan yon kamyonèt ap peye menm lajan ap yon moun ki soti Petyonvil ki pral Meyòt. Lè nou konsidere distans yo, yon kamyonèt pran mwens pase 10 minit pou rive Meyòt.
Machin ki ap fè doub oubyen trip kous nan menm kous la.
Anyen pa nan avantaj moun k ap pran transpò piblik. Chofè yo pa sèlman moute kous machin yo men yo mete ki kous y ap fè tou malgre dispozisyon Leta pran pou defini kous yo. Yo pa vle respekte sikui leta li menm li fikse a. Nan fè plizyè kous sou menm kous la, chofè Petyonvil- Ayewopò champyon nan sa. Alòske nou konenn Leta konnen Petyonvil- Ayewopò pou yon sèl kous. Yo menm yo fè plizyè lòt kous ak li. Lè yo fè doub kous la yo chaje ayewopò rive pou TNH la pou 10 goud ki se yon kous, yo rechaje ankò bò TNH la pou rive Delma 48 pou 15 gds. Twazyèm kous la chaje Delma 48 pou rive Petyonvil. Sa ki ba yo 40 goud sou yon sèl sikui a. Lè yo fè doub kous la yo chaje kafou ayewopò pou Delma 75 pou 15 gds. Rive Delma 75 yo eklame ankò pou Petyonvil pou 15 gds. Pandan setan kous soti Kafou Ayewopò rive Petyonvil koute sèlman 20 gds.
Lanwit li konn pafwa difisil lè w kanpe Kafou Ayewopò pou w jwenn machin ki ap rive Petyonvil dirèk nan kesyon fè bout kous la. Lè w resi jwenn youn nan li tou moute kous la 25 goud.
Pafwa gen pasajè ki konn fin moute machin nan aprè li vle revandike pou l peye pri Leta mete a men chofè a souvan di yo met pye yo atè.
Diskriminasyon ki gen nan transpò piblik
Moun pa sèlman peye plis kòb pase sa Leta mande. Yo pafwa fè fas ak diskrinasyon tou pou gwosè, andikap ak laj yo. Pou machin yo pa pote plis moun, chofè yo konn pa vle pran moun ki gwo. Depi w yo wè ou gwo yo tou di w pa moute. Gen moun ki konn santi yo mal alèz lè yo fè yo sa. Moun ki andikape yo menm, ak sila ki rantra nan laj yo, chofè yo souvan pa vle kanpe pou yo paske yo twouve ke moun sa yo fè yo pi twòp tan lè po yo monte ak desann machin nan.
« Mwen menm depi m ap moute machin piblik mwen peye de plas devan yo pou mwen. Mwen pa vle chofè ranse ak mwen paske mwen gwo » deklarasyon Linda, ki deja sibi Diskriminasyon pou gwosè l nan machin piblik.
Fedia STANISLAS