ActualitéCultureNationalSociété

KILTI | Sa w pa t konnen sou nanchon Gede yo…

Gede se yon gwoup lespri patikilye, yo se lespri mò. Yo enpòtan anpil nan lavi lèzòm paske se yo ki pi pre nou, Legliz katolik rele yo zanj gadyen.

Gede yo regwoupe an plizyè nanchon, sou kontwòl Bawon Samdi ak Grann Brijit;

Gede Nibo

Gede Vi

Gede Yèwe

Gede Plimay

Paladò lakwa

elatriye…

Chak nanchon sa yo gen yon fonksyon epi chak Gede gen yon misyon patikilye anndan nanchon pa yo. Avan nou pale de fonksyon lespri yo rele Gede yo, men kèk ti klarifikasyon jeneral.

Lespri se yon reyalite enfini. Ou kapab reprezante yo tankou reyon kap soti nan sous limyè ki se Dye. Dye se an menm tan sous limyè a ak sa ki bay limyè a. Nan analoji sa a lespri reprezante reyon kap klere w la. Reyon yo enfini. Se pou sa lòm paka konnen tout lespri, tout lwa ki egziste. Gen Lespri ki konkrè, ki manifeste, gen Lespri ki abstrè, ki pa manifeste sou moun. Tout lespri pa nome. Gen Lespri ki parèt, gen ki idantifye. Lespri ki parèt yo sa vle di yo egziste, men yo pa idantifye, sa vle di yo pa nonmen. Yo pa itilize yo, men yo la.

Gede se you n nan apelasyon Lespri yo. Apelasyon yo varye selon kote ou ye a epi selon epòk la. Ou kapab rekonèt yon lespri sou yon non an Ayiti epi yon lòt kote yo rele li yon lòt jan. An nou pran Kaptènn Senbo pa ekzanp, an Ejip yo te rele li Anibis. Legliz katolik rele gede yo Zanj Gadyen.

En jeneral yo rele gede yo nèg lakwa yo, fanmi lakwa, nèg dèyè kwa, elatriye. Ou konn tande de non gede tankou : Mazaka LAKWA. Wensou LAKWA, Ti Chal LAKWA, Ti Bout Kaka LAKWA, elatriye. An jeneral yo fè lèzòm pè lakwa paske lèw wè kwa ou wè simityè ou wè lanmò.  An reyalite lakwa siyifi entèksyon. Gede yo se Lespri ki fè lyezon ant espirityèl la, envizib la ak lèzòm.

Fason Loksidan prezante Lespri, diferan de fason vodou prezante reyalite envizib sa a. Papa gede yo bay nou tout enfòmasyon yo aloske Loksidan bay nou enfomasyon yo pa Konn gout, Loksidan bay ti moso verite. Yo fè nou pè Lespri Petwo kòm egzanp. Yo fè nou pè tout sa ki gen pou wè avèk la fòs. Yo fè nou pè lame, yo fè nou pè lapolis. Alòske la fòs se baz ki fè dwa egziste. Se la fòs ki pèmèt lòd egziste.

Fason yo prezante nou gede yo fè nou separe ak sa ki orijin nou. Gede se gadyen lavi. Kòm lavi ak lanmò lye, Gede yo se gadyen lanmò tou. Vodou di w lèzòm fèt nan dlo, gade lè yon timoun ap fèt, li nan likid amnyotik la. Vodou di w lanmò se pa lafen. Lèzòm pa viv etènèlman men yo gen posiblite pou yo retounen viv ankò selon ajisman yo sou latè. Lè yo mouri, yap tounen nan orijinn yo, yo prale anba dlo. 

Sa vle di, lè yon moun mouri, gen bagay yon Prèt ki konnen dwe fè pou akonpaye nanm moun sa a nan pasaj lap fè a. Paske Gede se Lespri ki gen rapò ak orijin lavi lè yon moun mouri, lap retounen, l ap rankontre ak Lespri ki rele Gede a. Fòk lespri sa yo mennen nou ale pou pèmèt yo soti nan yon plan pou nou travèse nan yon lòt plan. 

Gede Nibo

Gede Nibo reprezante alafwa yon rit ak yon nanchon, se premye nanchon gede ki parèt nan lavi. Gede Nibo yo se gadyen sivilasyon yo ye, gadyen tradisyon yo. Se yo ki gen memwa tout sak pase, se yo ki pèmèt nou jwenn tras tout sa ki pase, tras laverite. Siw bezwen konnen listwa fanmi w, orijin ou, listwa peyi w, se ak Gede Nibo yo pou w travay.

Gede Vi

Siw bezwen konstwi lavi, chache lavi miyò pale ak Gede Vi yo.

Gede Yèwe

« Yahvé » se yon defòmasyon mo Yèwe a.  Gede Yèwe yo se baz tout bagay. SenFò Yèwe, Alovi Yèwe soti nan nanchon Yèwe. Siw bezwen fè rechèch sou tout bagay, si nou bezwen domine wayòm yo, travay ak Gede Yèwe yo. Se Gede Yèwe ki montre w egzistans Rèy yo. Gede yo imite lèzòm pa pou banboche, men pou montre egzistans Rèy yo. Se yon fason pou anseye lèzòm.

Se Gede Yèwe yo ki montre konesans ak manipilasyon eleman yo.  Ou paka fè maji san ansanm eleman kreyasyon an. Pou maji reyisi, fòk ou pati ak la volonte plis la konesans ou marye pawòl ki se envizib avèk eleman yo pou w rive nan konkretizasyon. Se pou sa nan tan ansyen, yo te rele maji « la Haute Science ».

Se ekstrè konferans Saj Atisole Polovigè, yon otorite nan Lakou Savalouwe te bay 1er oktòb 2020, nan kad lansman mwa gede nan Lakou Savalouwe.

Raymond L.

Bouton retour en haut de la page