Poukisa w vote an Ayiti ?

Depi apre prezidan Jean Claude Duvalier fin fòse pou l fè w kraze kite sa, peyi  d Ayiti louvri pòt li byen laj pou demokrasi vin layite.  Ki vle di tout moun ki dwe dirije popilasyon an ap vin chache manda nan men li, epi pou yon dire ki defini nan konstitisyon peyi a genyen apre 1986 la, epi ki te gen pase men ki fèt ladan l sa ki rele amandman konstitisyonèl la. 

Vote se yon pwosesis kote moun ki gen laj, ki grandèt majè, 18 lane. Ki genyen kat idantifikasyon, yo rele li tou kat elektoral, non w soti nan lis moun ki kapab vote nan komin ou, nan seksyon kominal ou, epi ou ale mete yon ti kwa kote non ak foto moun ou jije ki ka ede peyi w la. Konsa gen estrikti ki la, ki dwe konte moun ki gen plis sitwayen ki vote pou li a, se li ki pran pòs la. 

Eleksyon ta dwe òganize chak 2 lane nan peyi Ayiti, paske senatè yo dwe renouvle chak 2 lane pou twa tyè (3/3) sena ki dwe syeje toutan ka toujou operasyonèl. Apre piblikasyon ajanda elektoral la, Ayiti pran chimen pou ta gen eleksyon. Men ki pa fasil konsa, lè n konnen Klas opozisyon Ayiti a ap manniganse pou diskredite epi bloke pwosesis la, sou baz Prezidan aktyèl la pa ka fè eleksyon li gen twòp repwòch.  Yon sitwayen dwe leve al vote pou plizyè rezon, paske si w pa vote, malgre yon fèb patisipasyon ap gen moun kanmenm k ap bon. Vòt chak moun gen pouvwa pou chanje done yo. Se se premye rezon ki parèt klè a.

Palman ayisyen gen kèk tan depi li se repè moun ki pa dwat, kote anpil moun pale di, bandi, asasen, dilè dwòg elatriye al kache anba iminite pou anpeche polis trake yo. Lafinen pa p soti si pa gen w ti etensèl. (lejislati) ki soti la bay anpil kè sote, yon mwa pa t konn pase san pa t gen w eskandal piblik, Senatè Kedlaine Augustin lapolis te pilonnen akoz machin li te nan zafè kidnapin ta sanble, relasyon Senatè Gracia Delva ak yon chèf gang lapolis t ap chache. Depite Printemps Belizaire ak menm chèf gang sa selon deklarasyon prezidan sena nan epòk sa, te gen bon relasyon. istwa yo anpil, malvèsasyon yo pa ka konte sou tèt dwèt, men poutan kèk grenn lwa ki vote yo pa anpil.

Chak eleksyon mwens moun leve al vote, anviwon 721 mil moun te al vote ansyen prezidan chantè a, Michel Martelly, lè sa gen w kandida pou pòs senatè ki te fè plis vòt pase sa. Poutan prezidan Jovenel ta pral pran mayèt la ak anviwon 500 mil ki vle di gen anviwon 200 mil ki wete kò yo nan zafè sa. Eleksyon poukont pa li pa yon move bagay, men pito mas desepsyon ki kache apre l yo. Pi bon fason ki genyen pou w moun bare w moun ki kandida se al vote kont li, vote moun ki anfas li ki konpetan, vote pou moun ki pa gen pase nan zak sal. Si y ap site non yon moun nan zak ou pa swete rantre , ou pa ka kite l vin dirije w. Paske Ayiti lajistis fèb yo pa rive bare lawout ak moun ki nan move zafè.

Fòk yon moun respekte règ jwèt demokratik la, patisipe nan vote pou moun ou renmen epi ki kapab, kont moun ki pa gen kapasite ak moralite. Vote pou lajan se yonn pami pi gwo mal yon moun kapab fè tèt li. Paske fòk moun ki te ba w lajan pran lajan epi fòk gen benefis. Toutan nou nan sistèm politik demokrasi reprezantativ la, fòk nou vote. Biwo vòt pa sèlman kote moun ba y pouvwa men tou li se kote moun sanksyone moun ki pa merite pouvwa tou.

Vote se yon obligasyon chak moun genyen. Men vote pou yon enterè ki lye ak ou dirèkteman kont mas moun k ap viv nan menm peyi a, se yon pwazon pou sosyete yo. 

Bouton retour en haut de la page
Recevoir les Notifications ?    OK NON