NationalSociété

SOSYETE | Ki wòl fenomèn vit tente a jwe nan ensekirite nan peyi Dayiti?

Depi plizyè ane kantite machin ki gen vit yo tente nan peyi a pa janm sispann ogmante. Yon pwopriyetè machin ka deside tente vit li pou divès rezon e bò kote pa l la lwa peyi a bay posiblite pou moun tente vit machin yo. E sa pa parèt etonan si kounya gen moun ki detounen dwa sa pou yo ka komèt zak malonèt.

Tente vit yon machin ka gen plizyè avantaj. Vit tente pèmèt anndan yon machin friz pi byen, epi an menm tan pwoteje anndan machin lan piske reyon solèy yo pi difisil pou yo travèse filt vit la e konsa tou, tente vit yon machin ka diminiye ris pou vòlè kase machin lan. Pwoblem genyen ak tente vit machin lan tou, pou kòmanse, sa lakoz chofe machin yo pa wè byen, jan lalwa ta mandel la, sitou pou moun kap kondwi machin vit li tente nan lanwit.

Jounen jodi a, yon pi gwo pwoblèm ki gen pou wè a vit tenten rive fè aparisyon l, se fenomèn kidnaping lan. Dapre dènye rapò ONU sou kesyon ensekirite nan peyi a, yo fè konnen kantite kidnaping lan ogmante a 200% nan 2 denye mwa sa yo e lè n tande temwanyaj viktim kidnaping yo, majorite a, pou n pa di tout, deklare se nan machin vit tente yo te pran yo. Lòt krim tankou asasina tou, lè bandi yo pa sou moto se nan machin ki gen vit tente yo ye jan nou ka remake sa nan imaj kote bandi asasinnen doktè Ernst Pady sou wout Lali a.

Nan yon konferans Pouvwa Egzekitif lan bay nan jounen premye mas 2021 an, kèk jou apre liberasyon 2 dominiken yo ak entèprèt ayisyen an, presidan konteste a, Jovenel Moïse rekonèt pou premye fwa devan jounalis ke fenomèn kidnaping lan reyèl e Leta gen devwa pou l asire sekirite tout sitwayen nan peyi a. Epi kòm dabitid, responsab yo deklare y ap pran dispozisyon pou yo konbat fenomèn lan paske kounya yo gen kontwòl “sous yo” dapre pawòl Prezidan an men san yo pa site ni eksplike demach yo.

Poutan yon premye pa ki te ka fèt nan ide pou goumen kont ensekirite a te dwe gen pou wè a machin ki gen vit tente yo. Li pi fasil pou bandi sikile a gwo zam lè yo nan yon machin vit tente e imedyatman yo fin komèt nenpòt krim, li fasil pou yo disparèt pami lòt machin yo. E si n konsidere idantifikasyon kòm premye reflèks yon polisye dwe genyen pa rapò a yon moun ki sispèk, kòman polisye a pral rive fè sa si li pa menm ka gen kontwòl ki moun (fanm oubyen gason) ki nan yon machin epi konbyen moun ki ladan l?

An menm tan, Ayiti se sèl peyi nan mond lan ki aksepte pou yon moun tente vit devan machin li. Menm si entèdiksyon sa ki gen nan lòt peyi yo se pou kesyon sekirite nan sikilasyon, sa montre n klèman pa gen anyen ki nòmal ki ka sòti de desizyon yon gwoup moun san rezonnman. Premye reflèks Leta te genyen fas a ogmantasyon kantite pwopriyetè ki te deside tente vit machin yo se te mande pou yo peye 10.000 goud pou yo legalize vit tente a. Kidonk nenpòt moun ka tente tout vit machin li depi l ka peye. Kounya èske Leta ta ka egzije moun ki te peye pou vit machin ki tente yo retire tent lan? Wi, paske se yon kesyon de sekirite piblik. Temwen yo ak tout viktim yo ka konfime si ta gen dout toujou.

Antz Franceley ESPERANCE

Bouton retour en haut de la page